🔄 Mercato

Genesio kite Lille : chemen an louvri pou li rive sou ban OM la

25 mai ·
Genesio kite Lille : chemen an louvri pou li rive sou ban OM la
Apre li fin kite LOSC ofisyèlman, Bruno Genesio tounen favori nimewo en pou pran tèt Olympique de Marseille.

Yon gwo mouvman fèk rive nan futbòl fransè a. Bruno Genesio pa coach Lille ankò, epi tout moun ap gade direksyon Marseille kounye a. OM bezwen yon antrenè ki kapab mennen yon gwo pwojè, e Genesio se non ki pi cho a. Msye kite Nò peyi Lafrans ak yon bon bilan : kalifikasyon pou Ewòp, defans solid, e yon ekip ki te gen karaktè. Men, dapre sa yo rapòte, te gen dezakò ant li menm ak direksyon klèb la sou rekritman ak vizyon espòtif. Se konsa chemen yo separe. Nan Marseille, profil Genesio a kadre byen. Li konn Ligue 1 lan byen, li te deja jere vestyè difisil nan Lyon ak Rennes, e li gen eksperyans nan konpetisyon ewopeyen. Sipòtè Vélodrome yo mande aksyon, e Genesio gen repiatasyon yon coach ki trankil men ki fèm nan desizyon taktik li yo. Si nominasyon an konfime nan jou kap vini yo, OM ap kapab kòmanse mache rapid sou mercato ete a. Sa ka chanje tout klasman Ligue 1 pou sezon kap vini an.

Pataje atik sa a